- Kopye prompt ki anba a.
- Louvri Gemini, epi chwazi Canvas.
- Kole prompt la epi voye l. App ou a parèt yon ti moman apre.
- Mete chan legliz ou yo ladan l yon sèl fwa, epi se fini.
Prompt la
Kreye yon app pou pwojeksyon legliz, an Kreyòl. 1) Yon paj Chant d'Espérance: mwen ka ajoute chan yo (nimewo, tit, pawòl) epi chèche yon chan pa nimewo oswa pa tit. 2) Yon paj Bib: mwen tape liv, chapit ak vèsè, epi m kole tèks la. 3) Yon mòd pwojeksyon: gwo lèt blan sou fon nwa, yon vèsè alafwa, bouton Anvan ak Apre, ak yon bouton plen ekran. Fè l senp pou nenpòt moun ka sèvi avè l.
Zouti
- Gemini Canvas IA Google la. Gratis ak yon kont Google: louvri Gemini, epi chwazi Canvas.